Are you an artist? Make the most of your lyrics with Musixmatch Pro!
Add translation
Share
These Lyrics are yet to be verified
4 contributions
over 8 years ago
Translations

Lyrics of Kite'm Briye by Baky Popilè

"Kite′m briye"
M'aprann mache ak 4 pat, aprè poum ka kanpe
M fè enmi ak tè poum pa ranpe
Yo′m just vle'w konprann si destin ouvè pòt ba'w, ou gen dwaw pouw pa antre
Chak wout baw chwa pouw pa pran′l
Chak saw fè′w konn a kisa pouw atann
Lè lavi ba'w do, lè lavi blese′w
Dèfwa tou se just pouw aprann
Ke gen nèg ki la pou detwi
Genyen kap ede'w rive, genyen′k la pou rejwi
Genyen kap ankouraje'w toutan pouw ekri
Poutan kap tann pi devan nenpòt saw fè pou egri
Genyen k′avè'm se pou lajan nan pòch mwen
Genyen'k rayi′m, men ki ta renmen vi′n pwòch mwen
Genyen lè'm pa bay respè ki twouve′m twò chen (lol)
M konnen'm gen repwòch men...
Konbyen′k te kanpe avè'm, Ki tap ofri′m Clip?
Lè'm pat gen lafwa nan Bondye konbyen'k tap ofri′m Bib?
Konbyen lè′m t'avèg, ki tap ofrim Gid?
Konbyen′k te di: yo'w m renmen jan wap rap, map ofri′w Beat?
Konbyen'k te banm le bra tout nan jou′m tap drive?
Konbyen nan yo'k te kwè ke yon jou'm tap rive?
Konbyen′k te rayi′m, ki te pranm pou lach?
Konbyen lè'm te fèk ap komanse′k te banm kouraj?
Kot sa'k te di yow depiw bzwenm, just relem, map reponn ou?
Menm siw ta antò devan je′m, mwen map defann ou
Tout nèg te mèt ale kite'w, mwen map ret tann ou
(Yeah ou mèt kwè′m, map ret tann ou)
Konbyen'k te souri banm, ki tap ri'm
Konbyen fo billet ki pat ipolit
Konbyen bon zanmi′m te genyen′k pat ipokrit?
Si'n wè dèfwa′m deside pa Egotrip
Se paske'm te vle montre′n ke fos pa'n pa nivo trip
Tant map panse, se tant yap lage′m nan dout
Tant map vanse, tant nèg ap lage'm nan wout
Tant map wè limyè, tant map gen espwa, tant map wè jwa se tant yap lage'm nan tou
Dèfwa lè′w wè map redi, se poum briye
Dèfwa lèm pran plim poum ekri, se poum bliye
Koz gen nèg ki dog, yo dwe panse plis
Sak kite′m pou kòb, yo dwe panse'm rich (lol)
Yo′w le lavi diw bay sa yap bay mwen map bay sam ka bay
Map fier man sesa ke mwen pwomet
E si nou wèm chanje, petet ke se gras letenel ki padone tout peche ke mwen komet
Ou gen pouw renmen limyè se lel fe nwa
E ou zanmim, eskizem sim t few mal
M konprann doulè'w, m vle pran tout peine, m vle pataje tout momanw ki infernal
Petet ke se mwen, menm wèn aji kom bèt ki nan chè′n
Sak fè'n pa vle retire haine ki nan kè′n
Poun aprann renmen, aprann pataje konsa nap ka retire frè'n ki nan peine
Siw ta bloke, ou konn sou kiyes pou konte
Siw vle rive, sou ki epaule pouw monte?
Byen reflechi man, siw pa vle bite, priye
Si map mennen kounya se kite'm briye...

Contribute

To-do

Structure Tag
Identify the song's sections

Completed

Lyrics
Lyrics in time with music
Performers Tag
Identify who's singing what

Credits

This song has no credits yet

Contributions

Last edit over 8 years ago
Are you an artist? Distribute your lyrics!
Take full control of your lyrics. Curate, sync, and distribute your lyrics on Spotify, Apple Music, and more.
Explore Musixmatch Pro